19/10/2026
DE DWÈT ANLÈÈÈ!!!
Wi, de dwèt nou anlè pou nou te ka fè referans ak dezyèm edisyon NUMECO. Men anplis de sa, se de dwèt pou montre ke nou fè viktwa, pou montre fòs, rezilyans, kouraj...
Reyalizasyon edisyon sa pa t fasil, nou te rankontre ak anpil difikilte, te gen moman dout, menm nan premye jou aktivite a. men, ekip la te rete fèm fas ak tout difikilte e nou te avanse ansanm. e nou fini pa reyalize edisyon sila...
Nou renouvle angajman nou anvè lekòl yo pou nou kontinye fòme elèv yo nan koze nimerik. nou rete pifò, nou pap chanje, e nou ap travay pou ke twazyèm edisyon ki gen pou vini an, kapab yon bagay san parèy.