19/04/2026
Pase vizite Paj la
KONPRANN DRÉPANOCYTOSE : YON BATAY NAN SAN AN
Èske w te konnen Drépanocytose (oswa Anemi Falsifòm) se maladi jenetik ki pi gaye nan mond lan, espesyalman nan kominote nou yo?
Kisa li ye menm?
Se yon maladi kote globil wouj yo, ki sipoze wonn pou yo pote oksijèn, vin gen fòm "kwasan" oswa "foche" (faucille). Lè yo gen fòm sa a:
1) Yo vin di epi yo kole nan ti veso san yo.
2) Yo bloke sikilasyon san an.
3) Sa lakòz gwo doulè (kriz) ak domaj nan òganis lan.
PWEN KLE POU N SONJE :
1) Se pa yon maladi kontajye: Ou pa ka "atrap" li nan kontak ak moun. Se paran ki transmèt li bay pitit.
2) Depistaj la enpòtan: Yon senp tès san (elektwoforèz emoglobin) ka di w si w gen "tret" la (AS) oswa si w malad (SS).
3) Prevansyon se kle: Konnen estati pa w ak estati patnè w anvan nou fè pitit se pi gwo zouti nou genyen.
KISA NOU KE FÈ ?
Moun ki ap viv ak drépanocytose se vanyan sòlda. Yo bezwen :
1) Anpil dlo pou yo bwè.
2) Yon swivi medikal regilye.
3) Sipò ak konpreyansyon nou chak jou.
Mesaj pa nou an se : "An n brize silans lan, an n fè depistaj, pou n pi byen sipòte moun k ap viv ak maladi sa a."
💬 Kite yon kòmantè si w gen kesyon oswa si w vle pataje yon mesaj ankourajman pou vanyan sòlda nou yo!