25/11/2020
Notre systeme de paement sera disponible bientot
AVI ENPOTAN
Depi kèk tan fenomèn ensekirite a pa sispann frape tout kouch nan peyi a. Sou demand kliyan yo e pou redwi kantite erè ki te konn fèt, MonCash te ajoute opsyon pou kliyan yo wè non moun ki sipoze resevwa lajan sou sistèm li an. Malerezman kriminèl yo itilize tout mwayen pou dechèpiye moun, yo simile yon transfè epi non kliyan an monte, yo itilize enfòmasyon sa ak tout lòt yo ka jwenn pou fè chantaj.
N ap presize pou tout popilasyon an ke kriminèl yo pa gen aksè a «baz done» ni Digicel ni MonCash.
MonCash pa ka asèpte zak malonèt sa yo nan sistèm lan paske travay ak responsabilite nou se konekte moun ak moun, bay bon sèvis san kè sote e san fòs kote.
Pou n batay kont gwoup kriminèl sa yo, MonCash bezwen kolaborasyon chak kliyan e ap mande :
1- Voye jete tout apèl ak mesaj ki vle fè w kwè ke w genyen nan jwèt MonCash si se pa 202 oubyen nimewo sèvis kliyan Digicel yo (3711 11 11 / 37 10 1000 / 3709 0000) ki kontakte w;
2- Pote plent nan Lajistis ak Lapolis si yon nimewo rele w pou menase w pou w voye kòb pou li atravè MonCash;
3- MonCash ap pataje ak Lapolis tout enfòmasyon ki ka ede kenbe moun k ap fè zak malonèt sa yo. Si yon moun paka pote plent Lapolis, li ka rele nan 202 pou pote plent ;
4- Tout nimewo ki poze zak malonèt sa yo ap dekonekte sou sistèm lan aprè nou fin verifye gen plent fòmèl kont li.
MonCash se yon zouti ki la pou konekte moun ak moun nan 4 kwen peyi a. Zak malonèt sa yo se yon fòm nan ensekirite sa k ap frape tout sektè nan peyi a.
Pandan kriminèl yo ap itilize tout mwayen pou dechèpiye ak vòlè, n ap mande sitwayen yo vijilans yo ak kolaborasyon yo pou n kwape fenomèn sa. Lè w al fè yon tranzaksyon MonCash, pa kite pèsonn wè oubyen tande kòd sekrè w.
MonCash se rapidite ak sekirite tranzaksyon w, ann defann zouti sa ansanm.
Kliyan yo, Lajistis, Lapolis an nou mete tèt nou ansanm pou TOLERANS ZEWO kont zak malonèt sa yo.
Mèsi