31/05/2026
Manman se premye moun ki renmen nou san kondisyon, ki sipòte nou nan moman difisil, epi ki toujou la pou ankouraje nou avanse. Lanmou, sakrifis, kouraj ak pasyans yon manman pa gen pri.
Jodi a, nou selebre tout manman yo pou tout sa yo fè chak jou pou fanmi yo ak pou sosyete a. Mèsi pou swen nou, konsèy nou, priyè nou ak tout lanmou nou bay san konte.
Ke Bondye beni tout manman yo, ba yo fòs, sante, lajwa ak anpil benediksyon. Bonne Fête à toutes les mamans ! ❤️🌹