Tektek TekTek se sous ou pou konprann ak metrize teknoloji.
(2)

Nou pataje nouvèl, inovasyon ak konsèy pratik pou ede ou aprann, grandi epi pran avantaj nan tout opòtinite dijital yo.

Yon pirataj ki montre jan sibèsekirite kapab tounen yon kesyon sekirite nasyonal: nan nuit 1 pou rive 2 novanm, pirat pr...
11/02/2026

Yon pirataj ki montre jan sibèsekirite kapab tounen yon kesyon sekirite nasyonal: nan nuit 1 pou rive 2 novanm, pirat pran kontwòl aplikasyon alèt ijans nan peyi Ikrèn ak Larisi pou voye fo mesaj sou menas radyolojik, chimik ak atak nikleyè bay itilizatè yo. Sistèm alèt prensipal yo te kontinye fonksyone, men ensidan an montre yon danje serye: lè yon popilasyon pèdi konfyans nan yon sistèm ki fèt pou avèti l an ka ijans, yon fo alèt kapab prèske osi danjere ak yon vrè menas. Jiskaprezan, okenn otè pa idantifye e pa gen prèv ki etabli yon lyen ant de pirataj yo.

Apple fè yon gwo vire: apre plizyè ane li te rejte lide ekran tactile sou MacBook la, konpayi an prezante premye MacBook...
11/02/2026

Apple fè yon gwo vire: apre plizyè ane li te rejte lide ekran tactile sou MacBook la, konpayi an prezante premye MacBook Pro ak ekran tactile li, ak ekran PROLED XDR, prosesè M5 Pro oswa M5 Max, nan vèsyon 14 ak 16 pous. Itilizatè yo ap kapab touche ekran an pou deplase eleman, desine, teste aplikasyon oswa manipile kontni dirèkteman. Apple rive an reta nan kategori sa a, men li parye sou yon eksperyans ki pi byen adapte pou pwofesyonèl kreyatif ak devlopè yo.

  pote 4 gwo nouvote ki pral chanje fason nou itilize gwoup yo! Pi gwo chanjman an se posiblite pou mete estati dirèktem...
10/31/2026

pote 4 gwo nouvote ki pral chanje fason nou itilize gwoup yo! Pi gwo chanjman an se posiblite pou mete estati dirèkteman nan yon gwoup WhatsApp. Sa vle di ou kapab pataje foto, videyo oswa lòt nouvèl ak manm yon gwoup sèlman, san tout kontak ou yo pa bezwen wè yo. Manm gwoup la kapab gade estati yo, reyaji sou yo epi pibliye pwòp estati pa yo. Menm jan ak estati WhatsApp nou deja konnen yo, yo disparèt otomatikman apre 24 èdtan. Dezyèm nouvote a pèmèt ou fikse yon mesaj enpòtan nan tèt yon gwoup san limit tan, olye li disparèt apre 24 èdtan, 7 jou oswa 30 jou. Twazyèm nan konsène nouvo manm yo: lè yon moun antre nan yon gwoup, ou kapab pataje yon pati nan ansyen mesaj yo avè l, menm apre li fin antre, pou li konprann sa yo t ap diskite. Pataj sa a pa fèt otomatikman, epi mesaj yo toujou pwoteje ak chifreman “bout en bout”. Finalman, WhatsApp ajoute yon nouvo filtè ki pèmèt ou jwenn pi fasil gwoup kote yon moun te mansyone non ou oswa reponn mesaj ou, san ou pa oblije li plizyè santèn mesaj. Fonksyon sa yo ap disponib grenn pa grenn sou Android ak iPhone. Pou moun k ap jere gwoup travay, lekòl, fanmi, asosyasyon oswa biznis, chanjman sa yo kapab itil anpil.

Gwo frap nan sektè Entèlijans Atifisyèl la nan peyi Lachin! Dapre Reuters, depi mwa jiyè 2026, aksyon plizyè gwo konpayi...
10/30/2026

Gwo frap nan sektè Entèlijans Atifisyèl la nan peyi Lachin! Dapre Reuters, depi mwa jiyè 2026, aksyon plizyè gwo konpayi chinwa ki devlope IA, robo ak p*s elektwonik pèdi anpil valè. Endis STAR50, ki suiv plizyè konpayi teknoloji, bese anviwon 40 %, sa ki reprezante prèske 480 milya dola ameriken nan valè mache ki disparèt. Pou nou konprann sa, anpil envestisè te mete gwo lajan nan konpayi sa yo paske yo te kwè IA t ap fè yo rapòte anpil benefis rapidman. Sa te fè pri aksyon yo monte anpil, menm lè konpayi yo poko t ap fè ase pwofi pou jistifye pri sa yo. Kounye a, envestisè yo kòmanse gen dout, anpil ap vann aksyon yo, epi valè konpayi yo ap bese. Atansyon, sa pa vle di 480 milya dola lajan kach disparèt, ni sa pa vle di Entèlijans Atifisyèl echwe. Sa montre pito gen yon gwo diferans ant yon teknoloji ki gen anpil avni ak yon biznis ki kapab fè lajan avèk li. Yon teknoloji kapab revolisyone mond lan, men sa pa vle di tout konpayi k ap devlope li ap fè gwo benefis. Sa k ap pase nan peyi Lachin nan se yon avètisman pou envestisè atravè lemond: gwo pwomès pa toujou vle di gwo rezilta, e menm pi bon teknoloji a pa ka garanti yon bon envestisman.

10/29/2026
10/27/2026

Yon lòt gwo pwoblèm sou rezo DigiceL la! Nan yon mesaj li pibliye 27 oktòb 2026, responsab Digicel la fè konnen lyen fib optik entènasyonal konpayi an sibi domaj sou Wout Nasyonal #1, sa ki afekte sèvis entènèt li sou tout teritwa a. Ekip teknik yo ap chèche idantifye kote domaj yo ye, men sitiyasyon sekirite a rann entèvansyon yo difisil. Ann eksplike sa teknikman: fib optik entènasyonal yo se gwo wout kote done entènèt pase pou konekte rezo Digicel la ak rès mond lan. Lè youn nan lyen sa yo domaje, trafik la ka koupe oswa oblije pase sou lòt chemen ki pa toujou gen ase kapasite, sa ki kapab lakòz entènèt ralanti, koneksyon koupe ak difikilte pou itilize sèvis dijital yo. Men sa ki merite yon refleksyon serye, se repetisyon ensidan sa yo. Nou te deja konnen pwoblèm menm jan an nan mwa septanm ak oktòb. Nan telekominikasyon, gen yon prensip fondamantal ki rele REDONDANS: yon rezo dwe gen plizyè chemen endepandan pou si youn tonbe, lòt yo kapab pran relèv san sèvis la pa paralize. Sa mande divèsifikasyon wout fib optik yo, kapasite rezèv ak sistèm ki kapab redirije trafik otomatikman. Nou konprann kondisyon sekirite ann Ayiti yo konplike, e okenn teknisyen pa dwe oblije riske lavi li pou repare yon kab. Men konprann difikilte yo pa vle di nou dwe konsidere pann entènèt ki repete kòm yon bagay nòmal. Digicel ak CONATEL ta dwe bay piblik la plis detay sou rezilyans rezo a, solisyon altènatif yo, tan pou retabli sèvis yo ak konpansasyon kliyan ki afekte yo. Paske jodi a, entènèt pa yon liks ankò: se sou li biznis, lekòl, bank, medya ak anpil sèvis esansyèl depann. Yon peyi pa ka seryezman pale de transfòmasyon dijital pandan yon domaj sou yon sèl aks enfrastrikti kapab deranje koneksyon yon gwo pati nan popilasyon an. Se pa sèlman repare kab yo ki enpòtan; se konstwi yon rezo ki kapab kontinye fonksyone menm lè yon kab domaje.

Nan  , nou renmen pale de teknoloji, esplike kijan li fonksyone, analize inovasyon epi pataje konesans ak nou. Men nou k...
10/27/2026

Nan , nou renmen pale de teknoloji, esplike kijan li fonksyone, analize inovasyon epi pataje konesans ak nou. Men nou kwè tou teknoloji pa dwe rete nan pawòl sèlman: nou dwe eseye kreye solisyon ki itil kominote nou an. Se nan lespri sa a nou mete Passpam sou pye, yon platfòm dijital ki disponib sou https://passpam.com, pou ede moun òganize epi jere evènman yo pi fasil. Avèk Passpam, yon òganizatè kapab kreye evènman, vann biyè sou entènèt, resevwa peman ak MonCash, NatCash oswa kat labank, jere plas ak rezèvasyon, kontwole antre ak sòti patisipan yo atravè kòd QR, swiv kantite moun ki nan evènman an, epi jere konsomasyon yo tou. Platfòm nan pèmèt òganizatè yo gen yon pi bon kontwòl sou diferan aktivite k ap fèt pandan evènman an. Pou evènman gratis yo, biyè elektwonik ak enskripsyon yo gratis tou. Nou konnen gen lòt platfòm ki deja ofri sèvis konsa, e nou respekte travay y ap fè a. Nou pa pretann nou envante anyen, ni nou pa pretann Passpam pafè. Nou senpleman ap eseye pote kontribisyon pa nou nan devlopman teknoloji ann Ayiti, ak sa nou konnen, sa n ap aprann ak sa nou kapab fè. Se poutèt sa nou bezwen opinyon nou. Nou envite nou vizite Passpam, dekouvri diferan fonksyon li yo epi di nou nan kòmantè yo sa nou renmen, sa ki pa twò klè, sa ki manke ak ki lòt fonksyon nou ta renmen jwenn ladan l. Pa ezite kritike sa ki merite amelyore, paske se konsa yon pwodwi kapab vin pi bon. Objektif nou se pa sèlman mete yon lòt aplikasyon sou mache a, men eseye konstwi yon zouti ki vrèman itil òganizatè, patisipan ak biznis k ap travay nan sektè evènman ann Ayiti ak nan dyaspora a. Nou gen anpil bagay pou nou aprann toujou, e nou kwè pi bon fason pou avanse se koute moun ki pral itilize teknoloji a. Annou konstwi yon pi bon Passpam ansanm. Mèsi davans pou chak lide, chak remak ak chak konsèy nou pral pataje avèk nou.

Concerts, festivals, conférences, séminaires, formations, matchs, théâtre, expositions, galas, activités d’église : achetez vos billets avec MonCash, NatCash ou carte et entrez avec votre QR code.

10/27/2026

Anthropic, konpayi ki devlope Claude la, prepare youn nan pi gwo antre sou mache bous nan listwa teknoloji. Nan dat 26 oktòb 2026, konpayi an depoze dokiman ofisyèl li devan SEC, otorite ameriken ki sipèvize mache finansye yo, pou vann aksyon li bay piblik la. Operasyon sa a rele IPO (Initial Public Offering). Anthropic prevwa antre sou Nasdaq ak senbòl ANT, e estimasyon yo fè konnen valè konpayi an ta ka rive jiska 2 000 milya dola ameriken. Men sa ki pi enteresan an se chif finansye yo: nan premye 6 mwa 2026 yo, Anthropic fè 16.3 milya dola revni, yon ogmantasyon anviwon 1 300 % parapò ak menm peryòd ane anvan an. Malgre sa, konpayi an deklare yon pèt kontab ki depase 80 milya dola, kote plis pase 72 milya soti nan chanjman valè sèten enstriman finansye, se pa lajan konpayi an te depanse dirèkteman. Reyalite a: yon konpayi kapab grandi ak yon vitès ekstraòdinè san li poko pwofitab. Nan dokiman li yo, Anthropic avèti envestisè yo sou risk IA kapab reprezante, tankou sibèratak, move itilizasyon teknoloji a, siveyans masiv ak posiblite pou sistèm avanse yo aji yon fason moun pa prevwa. Antouka, 2 000 milya dola a se yon estimasyon, se pa valè final konpayi an, epi dat antre li sou mache a poko garanti. èske ekonomi IA a ap kreye ase valè reyèl pou jistifye kantite lajan envestisè yo ap mete ladan l, oswa mache a ap avanse pi vit pase rentabilité konpayi yo? Avni IA a pap depann sèlman de kapasite modèl yo, men tou de kapasite konpayi yo pou fè teknoloji sa a tounen yon biznis dirab.

💥💥 **Nouvo Epizòd Think and Evolve Podcast la soti jodi a!** 💥💥🤖 **AI AJAN: MENAS OSWA OPÒTINITE? ÈSKE NOU TOUJOU GEN KO...
10/26/2026

💥💥 **Nouvo Epizòd Think and Evolve Podcast la soti jodi a!** 💥💥

🤖 **AI AJAN: MENAS OSWA OPÒTINITE? ÈSKE NOU TOUJOU GEN KONTWÒL?**

Èske ajan entèlijans atifisyèl yo pral rann lavi nou pi fasil, ogmante pwodiktivite nou, oswa fè nou vin depann twòp sou teknoloji? 👀

Nan nouvo epizòd la, Jeff Valbrun, John Boisguene ak Doktè Exilien antre nan yon konvèsasyon pwofon sou avni entèlijans atifisyèl, kapasite ajan AI yo, ak konsekans teknoloji sa a kapab genyen sou travay, desizyon moun ak sosyete a.

🎙️ **Men sa w ap dekouvri nan epizòd sa a:**

✅ Kisa ajan AI yo ye, e kijan yo diferan ak IA tradisyonèl
✅ Kijan ajan AI yo itilize zouti dijital pou reyalize travay
✅ Poukisa sipèvizyon, trasabilite ak responsablite enpòtan
✅ Ki enpak AI kapab genyen sou travay ak metye ki mande anpil konesans
✅ Ki risk ki genyen lè nou bay machin plis kapasite pou pran desizyon
✅ Kijan nou ka pwofite avantaj AI pandan n ap konsève kontwòl moun

Pandan teknoloji a ap avanse, yon kesyon enpòtan rete poze: **Èske se nou k ap kontwole entèlijans atifisyèl la, oswa èske n ap vin twò depann sou li?**

🚀 Pa rate konvèsasyon sa a sou teknoloji, pouvwa, travay ak avni limanite!

🎥 **Gade epizòd konplè a sou YouTube:**
👉 https://youtu.be/FnbF1Mzztr4

🎧 **Koute epizòd la sou Spotify tou!**
👉 Chèche *Think and Evolve Podcast* sou Spotify.

💬 **Nou vle tande opinyon ou!** Dapre ou, èske ajan AI yo se yon menas oswa yon opòtinite? Èske moun ap toujou gen kontwòl sou teknoloji y ap kreye a? Ekri sa w panse nan kòmantè yo!

📲 Pataje piblikasyon sa a ak yon moun ki ta dwe patisipe nan konvèsasyon sa a.

AI Ajan: Menas oswa Opòtinite? | Avni Travay, Kontwòl Moun ak Respo...

Address

Lauderhill, FL

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Tektek posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Tektek:

Shortcuts

Share