JA-B Production

JA-B  Production Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de JA-B Production, Arcahaie.

16/10/2025
16/10/2025
Version pdf
16/10/2025

Version pdf

Format  Pdf disponible
16/10/2025

Format Pdf disponible

21/05/2024

Zansèt nou yo te batay pou ba nou libète men jounen jodia nou tèlman gen divizyon pami nou, nou tèlman pat kwè nan edikasyon nan fòme moun pou yon pi bon demen. Gade jounen jodia nou sou okipasyon. Se gras ak egoyis nou, neglijans nou ki koz peyi a sou okipasyon. Nou pat janm bay ti jèn yo chans, nou te pito fè yon travay sèvo pou yo te ka wè pa gen avni isit. Fè yo kwè vi an se kite peyi sa, sak pa kapab yo pran yon bra moto oubyen brase lari a. Konbyen palmantè, majistra , kazèk kite batay pou seksyon pa yo pou komin pa yo? Kisa nou te fè pou ti jèn sa yo te gen yon bagay nan tèt yo pou konbat lavi a? se vre fòs la ka vin retire zam nan men bandi, yap vin bay sekirite
Men se pa yo ki pral diw pa jete fatra kotew jwenn
Se pa yo ki pral diw pa vann galon gaz 300$
Se pa yo ki pral diw sispann ak siw pa jwenn paw ladanl li pap separe nou pito kitel gate
Se pa fòs la ki pral diw pa boule byen moun fin redi fè nan 10zan, sispann boule byen malere kap redi nan vi a
Fòs la pa pral fòsew aprann yon bagay kap itil ou demen
Fòs la pa pral aprann ou gen fyète ak respè pou kòw.
Nou se sèl nasyon ki pa respekte anyen
Nou pa respekte kreyatè ni kreyati, nou pa gen respè pou otorite, nou pa respekte sante moun, nou pa respekte lavi moun. Fòs milti nasyonal lan ka fè nou viv nan sekirite men jamè fè nou moun ni vin yon pép si nou pa gen ògèy.
Nou pap ka entèdi fòs la rantre men nou dwe gen kontwòl sou sa ki pral fèt la.
Apre fòs la fin ba nou ti sekirite a, kisa peyi a pral devni apre 10zan???? Kisa nou pral fè poun pa tonbe anba men ti vòlè bandi gang san pidè sa yo ankò??

Adresse

Arcahaie

Téléphone

+50938599927

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque JA-B Production publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager