26/04/2026
Anpil fwa nou tande moun ap plenyen de doulè nan do ap di zo granmoun pa pran se yon èni diskal li konn ye,sa rive moun ki renmen leve bagay lou met sou tèt yo, oubyen fanm ansent tou ki konn gen doulè nan do pa neglije pataje tèks sa paske anpil moun gen gwo doulè nan do men pa gen anpil moun ki gen konesans sou èni diskal nan sans sa m vin pot limyè pou nou
Anpil fwa nou konn tande moun ap plenyen yo gen doulè nan do, doulè an konn pran yo nan kou poul al nan epòl yo al nan bra yo ,gen moun tou konn genyenl nan ba dol e doulè an al nan janb li, anpil malerezman pa konn sal ye konn reziye yo viv a doulè nan do an, poutan son bagay ki ka trete ann fon ti bwase lide sou li
Kolonn vètebral nou se sa nou rele rèl do an, nan mitan ti bafon nou wè ki nan do nou, ki divize do nou an 2 ,kolòn vètebral sa fòme de sa yo rele vètèb ,pou rann kòw fleksib pou fè mouvman gen yon bann disk nan mitan vètèb sa yo, e disk sa yo absòbe chòk ki gen sou kolòn sa lan tou ,kolòn nan gon eleman trè enpòtan lap pwoteje ki se mwèl la
mwèl lan tankou yon gwo fil otansyon kap distribiye kouran, lè sevòw pase kòw lòd pou fè tèl ou tèl tip mouvman se pa mwal la mesaj la pase pou rive nan menw a pyew oubyen nenpòt pati nan kòw, li konekte rès kòw avèk sistèm kap kontwole kòw ki fè ou ka fè tout mouvman wap fè la yo, se sak fè si w frape fò nan kolòn vetebral ou e l rive pèse pou atenn mwèl la ou ka paralize
Men doulè nan do nou jwenn nan èni diskal la ke n souvan grandi tande ap pale de doulè nan do an se nan disk ki separe vètèb yo li ye , ann wè sa k pase , lèn tande yo pale de èni nan medsin son òga'n oubyen yon eleman nan kò an ki jwenn yon fay ki kite plas li pi al nan yon plas ki pa pou li, se sak pase nan tout èni, lèn tande yap di moun fè maklouklou lè son èni (paske ka gen plizyè koz ki fè bous ki kenbe testikil gason an gwo) nan ka maklouklou a se trip la ki jwenn yon fay ki kite plas li epi desann nan bous la
Nan ka èni diskikal la sè ke disk sa yo gen sa yo rele yon nwayo ladan yo, lè nwayo an sòti nan disk sa yo li kite plas li( nou pral bay kèk rezon) disk la ka koupe, li ka aflebli oubyen li ka fisire, epi nwayo an sòti nou pale de èni diskal ki konn bay gwo doulè nan do
Enè diskal la plis fèt nan ba do nou, lè konsa doulè nan do an konn iradye jis nan janm moun nan , gason plis viktim de èni diskal ke fi paskel fè travay ki pi di
Ann wè kisak ka koze èni diskal la
Disk yo konn seche avèk laj , disk yo vin aflebli, kolòn vètebral la pèdi tonisitel, elastisitel epi boom èni diskal se sak fè lè moun ap antre nan laj lè yo gen gwo doulè nan do yo gen tandans di "granmoun nan ap antre sou mwen"
-gen moun ki konn fè yon aksyon brisk nan yon move pozisyon ki ka bal èni diskal nou jwenn sa anpil lakay ki renmen pote dlo sou tèt yo, lakay spòtif kap leve fè yo, oubyen moun kap pratike spò
-moun ki pran pwa oubyen pandan gwosès kote vant lan fè presyon sou kolòn vètebral la paske fanm ansent lan gage sou do
-moun ki gen fanmil ki fè èni diskal gen chans pou fèl tou paske konn gen anomali jenetik ki ka antrene yon feblès nan strikti ki fòme kolòn vètebral la
Ann wè kisa moun nan ka santi:
Moun nan yon gwo doulè nan do lèl ap eseye fè mouvman kote dol enplike,tankou lèw panche devan, dèyèx oubyen touse a estène
-moun nan konn santi doulè an lèl chita twòp , lèl kanpe twòp oubyen lèl fè twòp tan kouche sou vant
-li konn santi doulè an nan bal dol ki konn ale jis nan janm li, oubyen nan kou ki konn pran tout epòl li a bral, moun nan konn santi ti foumi ap mache nan menl lèl rete
Ann wè kijan poun fè prevansyon :
-avanw fè spò fè ti echofman
-kenbe yon pwa nòmal
-lèw chita dow dwe ret dwat
-lèw ap leve pwa ou pa dwe tòde anbal
-lew ap akwoupi kenbe dow dwat sitou moun ki renmen fè squat yo, pa fè squat a pwa lou sanw pa gen senti
-Siw chita lontan pran ti tan pouw detire oubyen depoze pyew sou yon ti tabourè pou jenouw ka pi wo ke anch ou
-lew met valiz nan dow itilize tou 2 epòl ou
Evite met soulye ki gen talon ki twò wo (plis ke 5 cm)
Dabitid sentom yo ale depi moun nan pran repo, 1 a 2 jou sifi ou pa dwe fè anpil jou repo paske inaktivite pa bon pou muscle ki nan do yo ,yo afebli yo
Pozisyon ki byen repoze kolòn nan se :
-kouche a kote, pliye jenouw , yon zorye anba tèt o yon lòt nan mitan jenouw fanm ansent ka metel ka met yon zorye nan vant li
-kouche sou do san zorye anba tèt ou ,met youn plizyè zorye anba jenouw, e yon sèvyèt oubyen yon ti kousen nan rèl do an
-nan premye jou yo , ou ka met yon blòk glas sou kote kap fèw mal la, sa ap ede diminye doulè an , pou enflamasyon an ou ka pran yon ti ben dlo tyèd aprè
Gen ka ou dwe al wè doktè rapid:
-Siw gon doulè nan do ki dire plizyè semenn e anpechew mennen aktivitew
-ou gen doulè nan do aprè yon chit,oubyen yon aksidan
-ou gen doulè nan do kap fèw pantan nan dòmi
-siw gen doulè nan do ki akonpanye de yon fyèv eniksplike e pa yon pèt de pwa ou dwe al kay doktè
Like a pataje pou p*s moun ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry