06/09/2025
Dewodoran ki gen aliminium yo konn ba moun boul anba bra ,pa gen anpil moun ki gen konesans sou sa, pa kenbe konesans sa pou kòw pataje tèks sa pou klere popilasyon paske anpil moun viktim men yo pa konn sak fè sa, repons lan nan dewodoran yap sèvi an
Boul sa yo konn reveye gwo doulè ,moun sa yo konn paka met rad ki gen manch. E lèl mi li konn pete e bay pij , anpil nan nou ta renmen konnen eske pwoblèm nan se nan nou oubyen se nan dezodoran an li ye ,se sa n pral wè ansanm
Avan tou rezon ki pouse moun met dezodoran se pou anpeche kòl degaje move odè, rezon ki fè kò moun degaje move odè sa komanse depi nan transpire ki se yon pwosesis nòmal lakay tout moun , dayè li menm ede kò an elimine toksin ,tout kò nou ka transpire men poukisa se anba bra nou ki gen sant fò eben sa a koz de tip gland kap sekrete swe sa yo avèk tou bakteri ki nan rejyon anba bra nou, gen lòt kote nan kò ankò lèn transpire ki ka bay move odè tankou bò kwis nou, fant dèyè etc... janm te di nou deja transpire son pwosesis nòmal eben youn nan fason pou anpeche move odè se mete dezodoran
Gon kategori Dezodoran ki pral baw pwoblèm yo pral anpeche kò an transpire pa bliye m te di nou kot move odè an sòti, eben dezodoran sa yo konpoze de sibstans pafime epi yo gen aliminium,( ou ka kounya gade si dezodoran wap sèvi an gen aliminium) ki pral anpeche kò an transpire jan poul transpire an ,eben kòman? yo redwi ti twou ou wè ki anba braw yo kote swe ap sòti an kidonk transpirasyon an pral diminye e se la tout pwoblèm nan pral kòmanse
Nou aplike dezodoran anba bra nou eben lèw santi boul sa anba braw se sa yo rele ganglion yo ki nan rejyon sa ki
ogmante volim, ganglion yo se yon sòt de rezèvwa ki pèmèt sikilasyon lenf, Lenf nan se yon likid ki se yon derive de san li gen yon pakèt eleman enpòtan ladann ,pami yo selil ki jwe wòl defans nan kò nou, selil defans yo ap sikile tankou son pwatwouy si tout fwal ta kwaze yon kò etranje poul kwapel eben a fòs ke sikalasyon swe an diminye eben bakteri yo pral ap miltipliye e enfekte ganglion yo se sa k koze boul yo
Siw ta remake depiw sèvi a yon dezodoran li baw boul anba bra se gad pou wè sil gen aliminium siw wèl genyen se kanpe sou dezodoran sila
Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry