10/20/2026
📱 YON TELEFÒN + ENTÈNÈT = YON DIPLÒM! 🎓💚
Èske w te janm panse ou ka aprann yon metye, devlope konpetans ou epi prepare tèt ou pou pi bon opòtinite, san w pa oblije kite lakay ou? 🤔
Istwa Jenny a se prèv ke rèv ou pa oblije kanpe akoz responsablite ou genyen yo.💚
👩👧 Jenny se yon manman ki te gen anpil responsablite. Ant pran swen tibebe li, jere aktivite chak jou ak jwenn tan pou tèt li, li te gen anpil rezon pou l ranvwaye rèv li yo. Men, li te chwazi pa abandone.
Pandan tibebe l t ap dòmi, Jenny te pwofite moman sa yo pou l etidye Jesyon Pwojè sou Kaw Academy. Li te aprann nan pwòp rit li, nan lang li konprann, san l pa bezwen deplase pou ale nan yon sal klas.
Jodi a, Jenny gradye! 🎓 Epi, gras aK chemen li te pran an, li jwenn yon travay epi li kontinye avanse nan lavi li. ✨
Istwa Jenny a montre nou yon bagay enpòtan: ou pa bezwen tann tout kondisyon yo pafè pou w kòmanse konstwi avni w. Ou bezwen pran premye desizyon an!
💡 E si pwochen istwa siksè a se pa w la?
Kit ou se yon paran, yon etidyan, yon anplwaye oswa yon antreprenè ou vle amelyore konpetans, Kaw Academy ap ede w aprann kote ou ye a, ak fleksibilite ou bezwen an.
✅ Fòmasyon disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7.
📱 Aprann sou telefòn ou oswa òdinatè w.
🏠 Etidye nan konfò lakay ou.
🗣️ Aprann an kreyòl, nan pwòp lang ou.
🚀 Devlope konpetans ou pou prepare w pou nouvo opòtinite.
Pa kite mank tan, distans oswa responsablite fè w bliye rèv ou yo. Kòmanse ak sa w genyen jodi a, epi avanse pa ti pa.
💚 Avni w merite envestisman ou.
📲 Enskri sou Kaw Academy depi jodi a epi kòmanse aprann nan pwòp rit ou!
KÒMANSE JODI A MENM!
🌐https://pwogramdiplomkawacademy.netlify.app/